LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Fason w ka etidye Labib afon
Dànyèl te ret fidèl anvè Jewova lè l te jwenn eprèv, èske w ta renmen konsa tou? Dànyèl te konn pran san l pou l byen etidye Pawòl Bondye a, e li te konn etidye pwofesi yo afon (Dn 9:2). Lè w pran san w pou w etidye Labib afon sa ka ede w rete fidèl. Nan ki sans? Sa ka ede w kwè pi plis toujou Jewova ap kenbe pwomès li fè n yo (Joz 23:14). Sa kapab ede w renmen Bondye pi plis toujou, sa k ap ankouraje w fè sa ki dwat (Sm 97:10). Men, ki kote pou w kòmanse? Ann konsidere sijesyon ki vin apre yo.
Ki sa m dwe etidye? Yon bon abitid pou etidye afon gen ladan l prepare reyinyon yo. W ap pi byen pwofite lekti Labib pou w semèn nan si w pran tan pou w fè rechèch sou pwen ou pa konprann yo. Anplis de sa, gen moun ki chwazi fè rechèch sou pwofesi ki nan Bib la, diferan aspè ki gen nan fwi lespri a, vwayaj apot Pòl te fè antanke misyonè oubyen tou ki chwazi etidye kreyasyon an. Si pandan jounen an ou gen yon kesyon anrapò ak Bib la ki vin nan tèt ou, ekri l epi pwochèn fwa w ap fè etid pèsonèl ou fè l sou li.
Ki kote mwen ka jwenn enfòmasyon? Pou w ka jwenn kèk ide, gade videyo Zouti pou fè rechèch k ap ede nou jwenn yon seri trezò espirityèl. Gade pou w wè si w ka idantifye pisans mondyal ki gen rapò ak vizyon Dànyèl te fè kote l te wè anpil bèt, vizyon ki nan Dànyèl chapit 7 la.
Konbyen tan mwen dwe fè ap etidye? Si w gen abitid etidye, sa ap vrèman ede w kenbe yon bèl amitye ak Bondye. Si sa ka ede w, pase kèk moman tou kout ap etidye epi ofiramezi pase plis tan. Yon moun k ap etidye Pawòl Bondye a sanble ak yon moun k ap fouye pou l jwenn yon seri trezò yo kache. Plis li jwenn trezò se plis l ap anvi kontinye fouye (Pw 2:3-6)! W ap pi anvi etidye Pawòl Bondye a, e etidye Labib ap vin yon abitid pou ou. — 1P 2:2.
KI SA BÈT YO PALE DE YO NAN DÀNYÈL CHAPIT 7 LA REPREZANTE?
LÒT KESYON:
Ki jan Dànyèl 7:8, 24 te akonpli?
LÒT EGZÈSIS:
Ki sa bèt yo pale de yo nan Revelasyon chapit 13 la reprezante?