BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb23 janvye p. 16
  • Fikse objektif pou peryòd Memoryal la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fikse objektif pou peryòd Memoryal la
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Sou menm sijè a
  • Prepare w depi kounye a pou jou ki pi enpòtan nan ane a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Jewova beni efò n fè pou n asiste Memoryal la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Ann chèche gen plis kè kontan nan epòk Memoryal la
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Epòk Memoryal la ban nou okazyon pou nou ogmante aktivite nou!
    Ministè Wayòm nan — 2011
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
mwb23 janvye p. 16

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Fikse objektif pou peryòd Memoryal la

Chak ane, pèp Jewova a fè gwo efò pou yo asiste Memoryal la ansanm. Pandan semèn anvan ak apre Memoryal la, nou pwofite opòtinite espesyal sa a pou n bay Jewova glwa e pou n di l mèsi pou ranson an ki se yon kado (Ef 1:3, 7). Pa egzanp, nou envite lòt moun ak tout kè n nan Memoryal la. Gen kèk moun ki fè ajisteman yon fason pou yo pran sèvis pyonye oksilyè pou 30 oswa 50 èdtan pandan mwa mas oswa avril. Èske w ta renmen ogmante patisipasyon w nan travay predikasyon an pandan peryòd memoryal sa a? Ki sa k ka ede w?

Souvan, nou ka akonpli plis bagay lè nou planifye alavans (Pw 21:5). Avèk peryòd Memoryal la k ap avanse byen vit, kounye a se moman pou n kòmanse planifye. Egzamine fason w ta renmen patisipe plis nan travay predikasyon an pandan peryòd Memoryal la epi reflechi sou sa w bezwen fè pou w ka atenn objektif ou yo. Apre sa, mande Jewova pou l beni efò w yo. — 1J 5:14, 15.

Èske w ka panse ak kèk fason ou ka ogmante patisipasyon w nan travay predikasyon an pandan epòk Memoryal la?

Objektif

Sa m dwe fè pou m atenn objektif mwen yo

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje