BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/12 p. 3
  • Èske w santi w pwòch ak Bondye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w santi w pwòch ak Bondye?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • LI POSIB POU W VIN PWÒCH AK BONDYE
  • Pa gen pi bon fason pou moun viv
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Èske l posib pou w “pwoche bò kote Bondye”?
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • Èske w kominike ak Bondye?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Bondye se pi bon zanmi w ka genyen
    Ou kapab vin zanmi Bondye!
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/12 p. 3
Yon mesye k ap panse ak Bondye.

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | OU KA PWÒCH AK BONDYE

Èske w santi w pwòch ak Bondye?

“Lè w gen bon relasyon ak Bondye sa fè w santi w an sekirite, ou santi ou se yon moun total epi w djanm. Se kòmsi Bondye toujou ap chèche sa ki pi bon pou ou.” — CHRISTOPHER, YON JÈN GASON NAN PEYI GANA.

“Bondye wè w nan tout dezolasyon w, li ba ou plis lanmou ak plis atansyon pase sa ou ta ka mande l.” — HANNAH, 13 AN, ALASKA, ETAZINI.

“Lè yon moun konnen li gen bon relasyon ak Bondye se santiman ki pi presye li ta ka genyen e sa fè l santi l pi anpè!” — GINA, YON JAMAYIKÈN KI NAN KARANTÈN LI.

Se pa Christopher, Hannah ak Gina sèlman ki santi yo konsa. Gen anpil moun toupatou sou tè a ki gen konviksyon Bondye konsidere yo kòm zanmi l. E ou menm? Èske w santi w pwòch ak Bondye? Oubyen èske w ta renmen pwòch ak li oswa ou ta renmen pi pwòch ak li? Petèt w ap mande tèt ou: ‘Èske li vrèman posib pou yon senp imen gen bon relasyon ak Bondye Toupisan an? Si wi, kòman l ap rive fè sa?’

LI POSIB POU W VIN PWÒCH AK BONDYE

Dapre Bib la, li posib pou w gen bon relasyon ak Bondye, yon relasyon pèsonèl. Bib la fè konnen Bondye te rele Abraram, yon patriyach ebre, ‘zanmi li’. (Ezayi 41:8.) Anplis de sa, gade yon bèl envitasyon nou jwenn nan Jak 4:8 la: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” Kidonk, sa klè, li posib pou w gen bon relasyon ak Bondye, e pou w vin bon zanmi l. Men, piske Bondye envizib, ki jan w ka “pwoche” bò kote l pou w ka gen bon relasyon avè l?

Pou n reponn kesyon sa a, ann egzamine sa lèzòm fè pou yo vin zanmi antre yo. An jeneral, lè de moun fèk rankontre, youn bay lòt non yo. Apre sa, toutpandan youn ap kominike ak lòt regilyèman, yo pataje panse yo ak santiman yo genyen, konsa, amitye yo ap grandi. Ansuit, lè yo fè tout sa yo kapab pou youn rann lòt sèvis, amitye yo vin pi solid. Se menm bagay la tou pou yon moun vin gen bon relasyon ak Bondye. Annou wè ki jan sa fèt.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje