BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w18 avril p. 30-p. 31 par. 3
  • Kesyon lektè yo poze

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kesyon lektè yo poze
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Sou menm sijè a
  • Sit wèb ofisyèl nou an: Yo fè l pou l itil ni nou menm ni lòt moun
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Kèk Konsèy Sou Fason Pou n Etidye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Ou kapab jwenn èd
    Reveye n! — 2020
  • Chèche jwenn konsèy saj anrapò ak lavi n ap mennen chak jou sou JW.ORG
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
w18 avril p. 30-p. 31 par. 3
Nou pa dwe poste piblikasyon Temwen Jewova yo ki gen dwadotè sou sit Entènèt ki pèsonèl.

Kesyon lektè yo poze

Poukisa pèsonn pa gen dwa poste piblikasyon Temwen Jewova yo sou sit Entènèt ki pèsonèl oswa sou rezo sosyal?

Piske n ap ofri moun yo piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la san n pa mande yo peye pou sa, gen kèk moun ki panse yo ka kopye piblikasyon nou yo epi al poste yo sou lòt sit Entènèt oswa sou rezo sosyal. Sepandan, lè yo fè sa, yo vyole tèm ak kondisyona sit Entènèt nou yo, sa ki ka lakòz gwo pwoblèm. Jan sa parèt byen klè nan tèm sa yo, pèsonn pa gen dwa “pran imaj, piblikasyon elektwonik, mak, mizik, foto, videyo, oswa lòt atik sou sit sa a epi poste l sou Entènèt (kèlkeswa sit Entènèt la, kit se sit ki pataje fichye, kit se sit ki pataje videyo, kit se rezo sosyal)”. Poukisa l nesesè pou gen restriksyon sa a?

Nou pa dwe poste piblikasyon Temwen Jewova yo ki gen dwadotè sou sit Entènèt ki pèsonèl.

Pèsonn pa dwe poste piblikasyon nou yo ki gen dwadotè sou lòt sit Entènèt.

Tout piblikasyon ki sou sit Entènèt nou yo gen dwadotè. Aposta yo ak moun ki opoze avè n yo konn eseye sèvi ak piblikasyon nou yo sou sit Entènèt yo genyen yo pou twonpe ni Temwen Jewova yo ni lòt moun. Yo met yon seri bagay sou sit sa yo pou simen dout nan lespri moun k ap li sa k sou yo a (Sòm 26:4; Pwo. 22:5). Gen lòt moun ki sèvi ak materyèl ki nan piblikasyon nou yo oswa ak logo sit jw.org nou an pou fè piblisite, pou ofri pwodui pou vann e yo sèvi avè l nan aplikasyon pou aparèy mobil. Lefètke n pwoteje dwadotè ak mak nou genyen an, sa fè n gen yon baz legal pou n anpeche moun mal sèvi ak materyèl nou yo (Pwo. 27:12). Men, si n ta bay moun, menm frè nou yo, pèmisyon pou yo poste piblikasyon ki sou sit nou an sou lòt sit oswa pou yo sèvi ak logo jw.org la pou vann machandiz, tribinal yo gendwa pa ede n nan efò n ap fè pou n anpeche opozan yo ak antrepriz komèsyal yo mal sèvi avèk yo.

Sit Entènèt ofisyèl Temwen Jewova yo ak aplikasyon yo.

Sa ka yon danje lè yon moun telechaje piblikasyon nou yo sou lòt sit Entènèt apa jw.org. Se “esklav fidèl ki prevwayan an” sèlman Jewova konfye responsablite pou bay manje espirityèl la (Mat. 24:45). “Esklav” sa a itilize sèlman sit Entènèt ofisyèl li yo pou l distribye manje espirityèl la. Men sit li itilize yo: www.jw.org, tv.jw.org, ak wol.jw.org. Epitou, nou gen sèlman twa aplikasyon ofisyèl pou aparèy mobil yo: JW Language ®, JW Library ®, ak JW Library Sign Language ®. Nou ka gen konfyans sit sa yo ak aplikasyon sa yo pa fè okenn piblisite pou monn Satan an, ni yo pa kite monn sa a kontamine yo. Si n sèvi ak lòt mwayen pou n jwenn manje espirityèl la, nou pap gen okenn garanti manje sa a pa chanje oswa l pa kontamine. — Sòm 18:26; 19:8.

Anplis de sa, lè n poste piblikasyon nou yo sou sit Entènèt ki pèmèt moun fè kòmantè, sa bay aposta yo ansanm ak lòt moun k ap kritike n yo posiblite pou simen dout sou òganizasyon Jewova a. Gen kèk frè ki konn antre nan fè deba sou Entènèt e sa konn lakòz moun sal non Jewova plis toujou. Yon fowòm sou Entènèt pa yon kote ki apwopriye pou n “enstwi moun ki pa byen dispoze yo avèk dousè”. (2 Tim. 2:23-25; 1 Tim. 6:3-5). Mete sou sa, selon sa n aprann, gen moun ki ouvri kont sou rezo sosyal oswa ki kreye fo sit Entènèt sou non òganizasyon an, sou non Kolèj santral la e sou non manm Kolèj santral la. Men, pa gen okenn manm Kolèj santral la ki gen yon paj sou Entènèt oswa ki ouvri yon kont sou kèlkeswa rezo sosyal la.

Lè n atire atansyon moun yo sou sit jw.org la, sa ede n simaye “bon nouvèl” la. (Mat. 24:14). Gen amelyorasyon ki kontinye ap fèt nan zouti nou resevwa pou n itilize nan travay predikasyon an. Nou ta renmen pou tout moun byen pwofite yo. Se sa k fè, jan tèm ak kondisyon yo montre sa, nou ka voye yon piblikasyon bay yon moun pa mwayen imel oswa n ka pataje yon lyen pou piblikasyon ki sou sit jw.org la. Lè n atire moun ki enterese yo sou sit Entènèt ofisyèl nou yo, nou fè yo antre an kontak ak sèl vrè mwayen pou yo jwenn manje espirityèl la, anpalan de “esklav fidèl ki prevwayan an”.

a Nou ka jwenn yon lyen ki voye n nan tèm ak kondisyon an anba paj akèy sit jw.org la, e ladan l n ap jwenn restriksyon yo bay pou tout bagay ki disponib sou sit Entènèt nou yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje