“ Pawòl pwofetik Bondye a ” Kongrè distri Temwen Jewova yo pou 1999
1 Lè Izrayelit yo te nan dezè a, Jewova te bay Moyiz enstriksyon pou li fè de twonpèt ann ajan. Si se yon sèl twonpèt ki te sonnen, chèf tribi yo te dwe rasanble nan antre tant reyinyon an. Son toulede twonpèt yo se te siyal pou tout asanble Izrayèl la reyini (Kantite 10:1-4). Jodi a, èske nou pa santi yon gwo kontantman lè nou tande envitasyon, tankou son twonpèt, pou nou rasanble pou kongrè distri ? Nan kongrè nou yo, nou resevwa enstriksyon ak direksyon Jewova pa mwayen Pawòl li ak reprezantan li nonmen yo. Sa ede nou kontinye kenbe fèm nan sèvis Bondye. Èske nou pa rejwi lè nou wè plizyè milye, e petèt plizyè dizèn milye, adoratè fidèl rasanble ansanm nan lanmou ak lapè ? Asireman wi ! — Sòm 122:1, 7, 8.
2 Diran mwa jiyè ak out 1998 te gen yon total 9 kongrè distri “ Chemen Bondye se chemen lavi ” ki te fèt nan 5 vil ann Ayiti. Frè ak sè nan tout senk vil sa yo (Santo, Okap, Okay, Gonayiv ak Senmak) te akeyi plizyè dizèn lòt frè ak sè lakay yo. Frè ak sè sa yo ki te soti toupatou nan peyi a te benefisye yon konpayi agreyab. Pandan n ap reyini pou kongrè distri an 1999, n ap gen lòt bèl okazyon pou nou pase bon moman avèk frè nou yo e pou nou remèsye Jewova pou inite li ba nou.
3 Nan Izrayèl lontan an, te gen twa gwo fèt yo te konn selebre chak ane. Etandone te gen yon bon valè vrè adoratè Jewova ki te reyini nan Jerizalèm ak vil alantou yo lè fèt sa yo, te dwe gen bon planifikasyon ki fèt pou pran swen yo. Pou tout bagay te ka pase nan lòd ak lapè, li te nesesè pou yo bay enstriksyon sou lojman, sou lè rasanbleman yo ak lòt dispozisyon ankò. Etandone kesyon sa yo te konsène vrè adorasyon an, Izrayelit yo te obeyi ak lajwa (Sòm 42:4 ; 122:1).
4 Pandan gen bon preparasyon k ap fèt pou kongrè a, nou ta renmen fè kèk rapèl sou kesyon lojman. Koperasyon nou nan domèn sa a pral demontre rekonesans nou pou dispozisyon yo pran pou nou. Se vre, gen anpil nan pwen sa yo nou konnen deja, men li enpòtan pou nou tout byen konprann reskonsablite nou genyen devan Jewova nan soutni sa k ap fèt pou kongrè a.
5 Lojman : Pandan y ap egzamine paj mitan sa a nan reyinyon sèvis la, nou sipoze deja konnen dat kongrè pa nou, grasa lèt ki te anonse sa. Fè tout posib nou pou nou mande lojman omwen 2 mwa anvan dat kongrè a.
6 Gen moun ki te byen dispoze loje frè nou yo e ki fè nou konnen kantite moun ki te vini an te depase sa yo te prevwa, paske gen kongresis ki fè fanmi yo oswa zanmi yo vin jwenn yo pou yo ka menm kote. Donk lè yo ba nou lojman yon kote, pa depase kantite moun mèt kay la oubyen sèvis lojman an te prevwa.
7 Si nou gen yon pwoblèm anrapò ak kote nou loje a pandan kongrè a, se pou nou enfòme sèvis lojman an. Pou tout difikilte nou rankontre anvan oubyen apre kongrè a, nou kapab toujou kontakte sèvis lojman an. Esplike pwoblèm nan an detay, e di ki sa nou te fè pou nou rezoud li, pou frè yo ka ba nou èd nou bezwen.
8 Pèmèt frè ak sè nou yo fè ekonomi : Si nou depanse mwens, oswa si nou pa depanse anyen ditou pou lojman, n ap kapab sèvi ak lajan an pou nou soutni frè ak sè nou yo ansanm ak èv mondyal la. Menm si pèsonèlman nou kapab peye pou yon chanm, li ta bon pou nou soutni sèvis lojman an e itilize chanm ki disponib yo, paske moun ki te konn abitye ba nou lojman gratis ka vin mande pou nou peye yo. Donk, suiv enstriksyon sa a se yon fason pou nou montre nou sousye de lòt yo e sa ann amoni ak 1 Jan 3:17, ansanm ak prensip ki nan 1 Korentyen 10:24.
9 Montre nou obeyisan devan enstriksyon Sosyete a : Se youn nan pwen nou ta dwe bay anpil enpòtans. Men ki sa nou li nan Ebre 13:17 : “ Obeyi moun k ap dirije nou yo e soumèt nou a yo, paske y ap veye tout tan sou nanm nou, kòm moun ki gen kont pou rann ; dekwa pou yo fè l ak lajwa e non nan plenyen, paske sa tava mal pou nou ”. Frè nou yo ap fè anpil demach pou kongrè a reyisi e nou vle montre n ap soutni yo, etandone se sèlman dezoutwa jou chak ane yo mande nou kopere nan domèn sa a. Lè lòt frè nou yo wè bon egzanp nou, sa favorize yon espri lanmou, inite ak tèt ansanm. — Gade 1 Korentyen 16:16 ; Filipyen 2:1-4.
10 Ka patikilye : Moun ki granmoun, ki enfim, sèvitè a plen tan oswa lòt moun ankò ka bezwen èd pou yo asiste kongrè a. Avèk lanmou, manm fanmi yo, ansyen yo oubyen manm kongregasyon an ki konnen pwoblèm yo kapab fè sa ki nesesè, san yo pa bezwen lage reskonsablite a sou frè yo k ap òganize kongrè a. — Gade 1 Timote 5:4.
11 Moun k ap asiste yon lòt kongrè : Chak kongregasyon resevwa envitasyon nan yon kongrè pou yon dat presi. Sosyete a evalye asistans la an fonksyon kantite pwoklamatè li envite nan chak kongrè. Sa pèmèt li prevwa ki kantite chèz, chanm, piblikasyon ak lòt bagay ankò y ap bezwen. Si ou oblije asiste yon lòt kongrè, w ap bezwen ransèyman sou kesyon lojman. Sekretè kongregasyon ou kapab ba ou adrès biwo kongrè ou prevwa asiste a. Si gen plizyè kongrè nan vil sa a, sonje presize nan kiyès w ap asiste.
12 Konklizyon : Chak ane apre kongrè distri, biwo filyal Sosyete a resevwa plizyè lèt ki montre nan ki pwen frè nou yo gen rekonesans pou dipozisyon yo te pran pou yo. Èske nou pa kontan pou èd Jewova ba nou nan domèn sa a ? Se sèten Jewova soutni preparasyon ki fèt chak ane pou kongrè yo. Etandone anpil nan frè k ap deplase pou kongrè distri a ap bezwen lojman, nou kapab gen asirans Jewova ap founi yo kòrèkteman sa yo bezwen. Kòm kesyon sa yo gen rapò ak vrè adorasyon an, n ap suiv avèk jwa enstriksyon yo ba nou. Si nou montre nou ‘ fidèl nan sa ki toupiti ’ n ap an mezi resevwa pil benediksyon k ap tann moun Jewova renmen yo. — Lik 16:10.
13 Nou ankouraje ou pran dispozisyon depi kounye a pou w asiste toule twa jou kongrè distri 1999 la : “ Pawòl pwofetik Bondye a ”. Menm jan avèk ou, n ap tann ak enpasyans pou nou tande ‘ bri lajwa ak aksyondegras ’ ki pral genyen pami adoratè Jewova yo k ap rasanble nan inite (Sòm 42:4). Nou swete pou Jewova beni tout aranjman k ap fèt pou nou kontinye anrichi espirityèlman !
[Kare nan paj 3]
Orè
Vandredi ak samdi
9:30 a.m. – 5:00 p.m.
Dimanch
9:30 a.m. – 4:00 p.m.
[Kare nan paj 5]
Sa nou dwe fè anrapò ak lojman
1. Mande lojman omwen 2 mwa anvan dat kongrè a.
2. Pa mete nan yon kay yon kantite moun ki depase sa yo te prevwa a.
3. Sèvis lojman an bezwen pran dispozisyon pou loje kongresis yo rapid rapid, san li pa kite yo tann twòp lè yo rive kote yo ba yo randevou a.
4. Siveyan sèvis lojman an bezwen antann ni davans ak adjwen li sou dispozisyon y ap mete anplas pou sa.
5. Si gen kongresis k ap soti lwen, pifò nan yo ap rive sitou jedi, swa nan maten, swa aprèmidi oubyen menm aswè. Prepare ekip ki pou resevwa yo lè yo rive.
Respekte konsiy sa yo tou :
◆ Rete nan lojman yo mete w la.
◆ Si ou te fin mande lojman epi ou pa bezwen ankò, fè sekretè kongregasyon ou konn sa.
◆ Veye aske ou kite lojman an pwòp lè ou prale.