Dispozisyon yo pran pou ede nou pa pran san
Tout pwoklamatè ki batize ki te deja ranpli yon kat “ Instructions médicales prévisionnelles/Décharge ” oubyen yon kat idantite medikal ki pa gen dat li te enprime sou li oubyen ki gen dat 3/99 pap bezwen ranpli yon lòt kat pou ane a. Nan reyinyon sèvis semèn 29 desanm nan, sekretè a ap bezwen gen ase kat pou moun ki fèk batize yo, pou pitit moun sa yo e pou moun ki bezwen ranplase kat yo genyen an. Yo pap voye lo kat bay kongregasyon yo. Si pa gen ase kat nan kongregasyon an, sekretè a ka mande kongregasyon ki nan zòn nan oubyen li ka tou mete sa nan kòmann y ap fè pou mwa a.
Chak moun ap bezwen pran san yo pou yo byen ranpli kat la lakay yo. Men yo PAP siyen l. Nan etid liv k ap fèt nan semèn k ap vin apre a, ni mèt kat la, ni temwen yo ap siyen l e y ap mete dat yo siyen l lan. Siveyan etid liv la ap ede yo fè sa si yo bezwen èd. Moun yo sipoze siyen kat yo devan moun ki sèvi yo kòm temwen yo.
Pwoklamatè ki pa ko batize yo ka kopye sa ki nan kat “ Instructions médicales prévisionnelles/Décharge ” la oubyen kat idantite medikal la, swa pou yo menm oubyen pou pitit yo e y ap adapte sa ki ladan l lan selon sitiyasyon yo.