BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/06 p. 4
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2003
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2006
km 3/06 p. 4

Jan pou nou prezante peryodik yo

Toudegad 1ye avr.

“ Pifò nan nou deja viv sitiyasyon tris kote nou gen yon moun pa nou ki mouri. Èske w abitye tande pwomès rekonfòtan nou jwenn nan vèsè sa a ? [Li Travay 24:15, epi kite moun nan reponn.] Sepandan, gen anpil moun k ap poze tèt yo yon seri kesyon tankou : Kiyès k ap resisite ? Ki lè rezirèksyon an ap fèt ? Ki kote l ap fèt ? Peryodik sa a bay repons Bib la sou kesyon sa yo. ”

Réveillez-vous! Mas

“ Anpil moun kwè Jezi se Bondye. Epoutan, sa ki enteresan, sèke Pyè, yon disip Jezi, te idantifye l kòm Pitit Bondye. [Li Matye 16:16.] Èske w panse li posib pou Jezi ta Pitit Bondye e Bondye anmenmtan ? [Kite moun nan reponn.] Atik nou jwenn nan paj 12-13 la egzamine kesyon sa a, li bay pwennvi Bib la sou li. ”

La Tour de Garde 1ye avr.

“ Pawòl nou jwenn nan vèsè sa a se pawòl anpil moun byen konnen, yo souliye enpòtans pou nou chèche gen konesans sou Bondye. [Li Matye 4:4.] Sepandan, anpil moun twouve li difisil pou yo konprann Pawòl Bondye a. Èske w twouve sa tou ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a bay kèk sijesyon pratik ki kapab ede w konprann Bib la. ”

Réveillez-vous! Avr.

“ Anpil moun ap lite pou yo jwenn bonè, men sanble se sèlman kèk grenn moun ki rive jwenn li. Èske w panse gen youn nan bagay yo site la yo ki kapab ede yon moun viv ak plis kè kontan ? [Montre kare ki nan paj 9 la. Apre sa, li youn nan vèsè yo bay kòm referans yo.] Réveillez-vous ! sa a egzamine sekrè Bib la bay pou yon moun rive jwenn vrè bonè a. ”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje