BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/09 p. 4
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2009
km 5/09 p. 4

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 1ye me

Li Matye 24:3. Apre sa, di moun nan: “Gen kèk moun ki panse kesyon sa a gen rapò ak destriksyon tè a. Ki sa w panse ou menm? Èske w panse tè a pral detwi? [Kite moun nan reponn.] Repons Jezi te bay la ede nou konprann gen yon evènman nou dwe tann. Evènman sa a se pa destriksyon latè, men se destriksyon lòt bagay. Atik ki kòmanse nan paj 16 la egzamine sijè sa a pi an pwofondè.”

Réveillez-vous! Me

“Gen kèk evanjelizatè ki di si nou fè Bondye plezi, l ap ban nou pwosperite nan domèn materyèl. Men, petèt ou konnen kèk bon moun ki pa posede anpil bagay nan domèn materyèl. Èske w panse Bondye vle pou nou rich? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Ebre 13:5.] Atik sa a esplike ki jan Bondye beni nou.” Prezante atik ki kòmanse nan paj 12 la.

La Tour de Garde 1ye jen

“Jodi a, gen anpil liv ki pale sou fason pou leve timoun, sou lanmou e sou reyisit pèsonèl. Èske ou menm ou twouve liv sa yo itil? [Kite moun nan reponn.] Anpil moun souzestime sous nou pral site la a ki ranpli ak bonjan konsèy. [Li 2 Timote 3:16.] Peryodik sa a esplike poukisa nou ka fè Bib la konfyans e li bay egzanp ki montre jan konsèy ki ladan l yo pratik.”

Réveillez-vous! Jen

“Kòm ou konnen, gen gwo deba k ap fèt sou kesyon avòtman pou deside si fi gendwa fè avòtman oubyen si yo pa gendwa fè sa. Èske w panse Labib kapab ede yon moun pou l deside sa pou l fè? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li 2 Timote 3:16, 17.] Peryodik sa a montre sa Labib di sou kesyon sa a.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje