Èske pitit ou pare?
1. Poukisa nou bezwen prepare timoun ki lekòl yo?
1 Talè konsa lekòl pral ouvri. Pa gen dout nan sa, pitit ou pral fè fas ak yon seri defi ak presyon yo pa t jwenn ane pase. Yo pral gen posiblite tou pou yo “bay temwayaj sou laverite”. (Jan 18:37.) Èske yo pare pou sa?
2. Ki sa pitit ou dwe konnen pou yo ka pare pou yo fè fas ak presyon yo pral jwenn?
2 Èske pitit ou byen konprann ki sa ki enplike nan patisipe nan fèt payen ak nan seremoni nasyonalis, e poukisa yo pa dwe patisipe ladan yo? Èske yo pare pou yo fè fas ak presyon yo pral fè sou yo pou y al nan inivèsite, pou yo nan renmen, e pou yo bwè bwason ki gen alkòl oubyen pou yo pran dwòg? Si yo envite yo patisipe nan yon aktivite yo konnen ki pa bon, èske y ap annik di yo pap patisipe paske relijyon yo pa pèmèt yo fè sa, oubyen èske yo konnen ki jan pou yo esplike kwayans yo? — 1 Pyè 3:15.
3. Ki jan paran yo ka sèvi ak sware adorasyon an fanmi an pou yo prepare pitit yo?
3 Sèvi ak sware adorasyon an fanmi an: Se sèten, lè sa nesesè, ou pral gen konvèsasyon ak timoun yo pandan ane lekòl la sou pwoblèm yo rankontre. Men, depi anvan ane lekòl la kòmanse ou ka fè yon efò espesyal pou w egzamine pwoblèm jèn yo konn rankontre nan lekòl yo. Si w fè sa, sa ap ede yo pi byen konnen fason pou yo jere sitiyasyon sa yo. Poukisa w pa itilize youn oubyen de nan sware adorasyon an fanmi an pou w fè sa? Petèt ou ka mande yo ki pwoblèm yo plis pè rankontre lekòl yo. Etandone timoun yo pi gran kounye a, e yo pi byen konprann bagay yo, ou ka fè revizyon sou kèk kesyon ou te deja egzamine avè yo nan ane ki te pase yo (Sòm 119:95). Ou ka fè kèk repetisyon kote ou jwe wòl yon pwofesè lekòl, yon pwofesè k ap bay elèv yo konsèy sou karyè yo ka chwazi, oubyen yon kamarad lekòl. Aprann pitit ou kòman pou yo reponn selon Labib e aprann yo sèvi ak piblikasyon tankou Comment raisonner ak Les jeunes s’interrogent. Gen yon manman ki fè repetisyon ak pitit li yo chak ane. Li prepare timoun yo pou yo abòde nouvo pwofesè yo nan kòmansman ane a dekwa pou yo fè pwofesè yo konnen yo se Temwen Jewova. — Gade Toudegad 15 desanm 2010, paj 3-5.
4. Ki sa paran ki saj yo ap fè?
4 Pwoblèm jèn kretyen yo jwenn nan dènye jou sa yo ap vin pi ‘difisil pou yo sipòte’ (2 Tim. 3:1). Paran ki saj yo ap fè efò pou yo prepare timoun yo pou yo ka fè fas ak pwoblèm yo pral rankontre yo (Pwo. 22:3). Anvan ane lekòl la kòmanse, fè tout sa w kapab pou w prepare pitit ou.