BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w21 fevriye p. 20-24
  • Jewova “fè tout bagay mache byen nan lavi” m

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jewova “fè tout bagay mache byen nan lavi” m
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • PARAN M YO TE EDE M JWENN BON CHEMEN AN
  • MWEN TE CHWAZI FÈ JEWOVA KONFYANS
  • LI TOUJOU BON POU N MET KONFYANS NOU NAN JEWOVA
  • NOU T AL SÈVI YON LÒT KOTE
  • NOU T AL PLIZYÈ KOTE
  • SITIYASYON M TE VIN CHANJE
  • Kote sèvis aplentan te mennen m
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Mwen gen 70 an depi m kenbe ke wòb yon Juif
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Mwen te vle bay Jewova tout mwen menm san rezèv
    Byografi Temwen Jewova
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
w21 fevriye p. 20-24
Stephen Hardy.

Byografi

Jewova “fè tout bagay mache byen nan lavi” m

DAPRE STEPHEN HARDY

YON jou, yon jèn frè te mande m: “Ki vèsè w pi renmen?” Mwen te reponn san ezite: “Pwovèb 3 vèsè 5 ak vèsè 6, ki di: ‘Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e pinga w konte sou entèlijans ou. Sonje l nan tout sa w ap fè, e l ap fè tout bagay mache byen nan lavi w’.” Wi, vrèmanvre, Jewova fè tout bagay mache byen nan lavi m. Ki jan?

PARAN M YO TE EDE M JWENN BON CHEMEN AN

Paran m yo te aprann laverite nan ane 1920 yo, anvan yo te marye. Mwen te fèt nan kòmansman ane 1939. Lè m te timoun nan peyi Angletè, mwen te konn al nan reyinyon ansanm ak paran m, e pi devan, mwen te enskri nan Lekòl ministè teyokratik. Jis jodi a, mwen sonje ki jan m te santi m lè m te monte sou yon bwat pou m kanpe devan pipit la pou m te fè premye prezantasyon m. Mwen te gen sizan e m te strese anpil lè m t ap gade tout moun nan asistans lan ki te pi gran pase m.

Stephen Hardy, lè l te timoun, k ap preche ak paran l ansanm ak plizyè lòt moun. Yo kenbe afich k ap anonse tit diskou piblik y ap bay nan yon asanble.

M ap preche nan lari ansanm ak paran m.

Papa m te tape yon prezantasyon tou senp pou mwen sou yon kat pou m te itilize lè m pral preche. Premye fwa m te preche nan yon kay poukont mwen, mwen te gen uit an. Se pa ti kontan m te kontan lè mèt kay la te li kat mwen an e menm kote a li te aksepte liv “Se pou yo rekonèt Bondye veridik” la! (anglè) Mwen te kouri al kot papa m nan lari a pou m di l sa. Travay predikasyon an ak reyinyon yo te ban m kè kontan, e sa te ban m anvi pou m sèvi Jewova aplentan.

Verite ki nan Bib la te vin touche kè m pi plis lè papa m te fè yon abònman Toudegad pou mwen. Chak fwa mwen te resevwa yon Toudegad, mwen te kouri li l tousuit. Mwen te vin gen plis konfyans nan Jewova e sa te pouse m vwe l lavi m.

Mwen menm ak paran m t al kòm delege nan asanble ki te gen tèm Akwasman teyokratik ki te fèt nan Nouyòk an 1950. Jou jedi ki te 3 out la, tèm pou jou a se te “Jounen misyonè yo”. Jou sa a, se te frè Carey Barber, ki te vin fè pati Kolèj santral la annapre, ki te bay diskou batèm nan. Apre l te fin poze kandida batèm yo de kesyon yo nan fen diskou l la, mwen te kanpe e m te reponn: “Wi!” Mwen te gen 11 an, men mwen te rann mwen kont mwen te pran yon desizyon ki enpòtan. Sepandan, mwen te pè antre nan dlo a paske m potko konn naje. Tonton m te mennen m nan pisin nan e l te ban m asirans tout bagay ap pase byen. Vrèmanvre, sa te fèt tèlman vit pye m pat menm touche fon pisin nan. M te sot nan men yon frè al nan men yon lòt. Youn te batize m e lòt la te leve m sot nan pisin nan. Depi jou enpòtan sa a, Jewova kontinye fè tout bagay mache byen nan lavi m.

MWEN TE CHWAZI FÈ JEWOVA KONFYANS

Lè m te fin lekòl, mwen te vle pyonye, men pwofesè m yo t ap pouse m fè gwo etid. Mwen te pran nan presyon yo t ap fè sou mwen an e m t al nan inivèsite. Men, mwen pa t pran tan pou m te rann mwen kont mwen pa t ap ka ret fèm nan laverite e anmenmtan pou m ret konsantre sou etid mwen t ap fè yo, se sa k fè mwen te deside kite sa. Mwen te priye Jewova sou sa e mwen te ekri responsab yo yon lèt pou m fè yo konnen avèk respè m ap kite inivèsite a nan fen premye ane a. Mwen te met tout konfyans mwen nan Jewova, e m te pran sèvis pyonye tousuit.

An jiyè 1957, mwen te kòmanse sèvis aplentan nan vil Wellingborough. Mwen te mande frè nan Betèl Lonn yo si yo konn yon frè ki pyonye ki gen eksperyans ki te kapab preche ansanm avè m. Se konsa mwen te rankontre Frè Bert Vaisey e m te aprann anpil bagay nan men l. Li te renmen preche anpil e li te ede m fè yon bon pwogram pou m preche. Se sis sè aje ak frè Vaisey avè m ki te gen nan kongregasyon an. Lefètke m te konn prepare tout reyinyon yo e m te konn patisipe ladan yo, sa te ban m anpil okazyon pou m fè Jewova plis konfyans e pou m demontre mwen gen lafwa.

Apre m te fin pase yon ti tan nan prizon poutèt mwen pa t vle fè sèvis militè, mwen te rankontre Barbara, yon sè ki te pyonye espesyal. Nou te marye an 1959 e nou te dispoze al kèlkeswa kote yo voye nou. Premye kote yo te voye n, se te Lancashire, nan nòdwès peyi Angletè. Epi, an janvye 1961, yo te envite m suiv yon fòmasyon ki t ap dire yon mwa nan Lekòl ministè Wayòm yo te fè nan Betèl Lonn nan. Mwen te sezi lè yo te fè m konnen nan fen kou yo mwen pral nan sèvis sikonskripsyon. Pandan de semèn, mwen te resevwa fòmasyon nan men yon siveyan sikonskripsyon ki gen eksperyans nan vil Birmingham, e yo te pèmèt Barbara vin jwenn mwen. Annapre, nou te tounen nan tèritwa nou nan zòn Lancashire ak Cheshire.

LI TOUJOU BON POU N MET KONFYANS NOU NAN JEWOVA

Pandan nou te an vakans an out 1962, nou te resevwa yon lèt ki sot nan biwo filyal la. Te gen fòmilè pou Lekòl Galaad ansanm avè l! Apre mwen menm ak Barbara fin priye sou sa, nou te ranpli fòmilè yo e nou te voye yo retounen byen vit bay biwo filyal la, jan yo te mande nou sa. Senk mwa annapre, nou t al Bwouklin, Nouyòk, pou n t al pran yon fòmasyon sou Bib la nan Lekòl Galaad, nan 38yèm klas la ki te dire dis mwa.

Nou te aprann anpil bagay nan Lekòl Galaad sou Pawòl Bondye a, sou òganizasyon l lan ak sou frè n ak sè n yo nan lemonnantye. Etandone nou te toujou nan ventèn nou, nou te kontan aprann anpil bagay nan men lòt etidyan ki te nan klas nou an. Mwen te vrèman kontan lefètke yo te mete m travay chak jou ansanm ak frè Fred Rusk, youn nan frè ki te konn fè kou pou nou yo. Youn nan leson enpòtan mwen te aprann nan men l se nesesite pou n toujou bay konsèy ki kòrèk, sa vle di pou n asire n konsèy nou bay yo vrèman baze sou Ekriti yo. Pami frè ki te bay diskou pandan kou yo, te gen yon seri frè ki gen eksperyans, tankou Nathan Knorr, Frederick Franz ak Karl Klein. E nou te aprann anpil bagay nan men frè Alexander Macmillan, yon frè ki te gen imilite ki te montre nou fason Jewova te ede pèp li a nan moman ki te difisil anpil pou òganizasyon an, soti ane 1914 rive nan kòmansman ane 1919.

NOU T AL SÈVI YON LÒT KOTE

Nan fen kou yo, frè Knorr te di mwen menm ak Barbara y ap voye nou Bouwoundi, ann Afrik. Nou te kouri al nan bibliyotèk Betèl la pou n al gade nan liv Aktivite a ki kantite pwoklamatè ki gen nan peyi Bouwoundi nan epòk sa a. Nou te sezi wè nou pa t ka jwenn okenn enfòmasyon sou kantite pwoklamatè ki gen nan peyi sa a. Nou t apral nan yon tèritwa yo potko janm preche, ki nan yon kontinan nou pa t vrèman konnen. Nou te vrèman strese! Apre nou te fin priye ak tout kè n, nou te vin kalm.

Nan nouvo tèritwa nou an, tout bagay te diferan nèt: klima a, kilti a ak lang nan. Nou te oblije aprann pale fransè. Nou te bezwen jwenn yon kote pou n rete. De jou apre nou fin rive, Harry Arnott, youn nan frè ki te nan Lekòl Galaad ansanm ak nou, te vizite nou pandan l t ap retounen nan tèritwa l nan peyi Zanbi. Li te ede n jwenn yon apatman ki te vin premye kay misyonè nou. Men, sa pa t pran tan pou otorite nan gouvènman an ki pa t konn anyen sou Temwen Jewova yo te kòmanse ban n pwoblèm. Lè nou te fèk kòmanse santi nou byen nan sèvis nou, otorite yo te fè nou konnen, nou pap ka ret nan peyi a san nou pa gen yon otorizasyon legal pou nou travay. Malerezman nou te oblije kite peyi a pou n t al nan yon lòt peyi, fwa sa a, se te Ouganda.

Nou te pè al Ouganda san viza, men nou te met konfyans nou nan Jewova. Gen yon frè Kanadyen ki t ap sèvi kote ki gen plis bezwen nan peyi Ouganda ki te esplike yon anplwaye imigrasyon sitiyasyon nou, e anplwaye a te di nou nou kapab fè kèk mwa nan peyi a jiskaske nou jwenn otorizasyon pou nou rete. Fason bagay yo te byen pase a te montre Jewova t ap ede nou.

Sitiyasyon nan peyi Ouganda pa t menm ditou ak sitiyasyon nan peyi Bouwoundi. Travay predikasyon Wayòm nan te deja ap fèt nan peyi Ouganda, menm lè se te sèlman 28 Temwen ki te gen nan tout peyi a. Nou te jwenn anpil moun nan tèritwa a ki pale anglè. Men, sa pa t pran tan pou n vin rann nou kont, si nou vle ede moun ki enterese yo fè pwogrè, nou bezwen aprann omwen youn nan tout lang yo pale nan peyi a. Nou te kòmanse preche nan zòn Kanpala, kote gen anpil moun ki pale louganda, se sa k fè nou te deside aprann lang sa a. Nou te pran plizyè ane anvan nou te resi pale l byen. Men, lefètke nou te konn pale louganda, nou te vin pi efikas nan travay predikasyon an. Nou te vin pi byen konprann sa etidyan nou yo te bezwen pou yo vin gen bon relasyon ak Bondye. Lè etidyan nou yo te wè jan nou te enterese ak yo, yo te ouvri kè yo ban nou e yo te fè nou konnen ki efè sa yo aprann yo gen sou yo.

NOU T AL PLIZYÈ KOTE

Plizyè foto: 1. Yon kat jeyografi ki montre kèk nan kote Stephen Hardy te sèvi kòm misyonè ann Afrik. 2. Stephen ki chita sou yon chèz pliyant bò kote bis li a. 3. Barbara, premye madanm Stephen, ap lave legim nan yon kivèt plastik.

Nou t al plizyè kote nan Ouganda.

Nou te kontan jwenn yon seri moun ki gen imilite ki te dispoze aprann laverite. Men, nou te vin jwenn yon lòt privilèj nou pa t atann. Yo te mande nou pou n al sèvi nan sikonskripsyon toupatou nan peyi a. Nou te vwayaje nan tout peyi a anba sipèvizyon filyal Kenya pou n te kapab jwenn ki zòn ki plis bezwen pyonye espesyal pou kòmanse travay predikasyon an nan zòn sa yo. Plizyè fwa, gen moun ki potko menm konn Temwen Jewova anvan sa ki te byen akeyi nou lakay yo. Yo te mete n alèz e yo te menm prepare manje pou nou.

Mwen te vin fè yon lòt kalite vwayaj. Mwen te fè de jou nan tren, soti Kanpala pou m al nan vil Monbasa, nan peyi Kenya. Lè m te rive la, mwen te pran bato pou m al sou zile Sechèl, yon gwoup zile ki nan oseyan Endyen. Annapre, soti ane 1965 rive ane 1972, Barbara te konn ansanm avè m lè m t ap vizite Sechèl. Nan epòk sa a, se sèlman de pwoklamatè ki te la. Men annapre, te vin gen yon gwoup ki te vin bay yon bèl kongregasyon. Mwen te fè kèk lòt vwayaj ankò pou m te ka vizite frè yo nan peyi Eritre, Etyopi ak Soudan.

Sitiyasyon politik la te vin chanje byen vit nan peyi Ouganda apre yon koudeta militè. Ane ki te vin annapre yo te tèlman terib, sa te aprann mwen jan li pi bon pou nou obeyi enstriksyon ki di “bay Seza sa k pou Seza” a (Mak 12:17). Rive yon lè, yo te mande tout etranje k ap viv nan peyi a pou y al anrejistre nan pòs polis ki pi pre lakay yo. Nou te fè sa menm kote a. Kèk jou annapre, pandan mwen menm ak yon lòt misyonè te nan yon machin nan Kanpala, polis sekrè te pwoche kote nou. Nou te pè anpil! Yo te akize nou kòmkwa nou se espyon e yo te mennen nou nan katye jeneral polis la. Nou te esplike yo nou se misyonè ki byen pezib. Aktout nou te di yo nou te deja anrejistre nan lapolis, yo pa t koute nou. Yo te arete nou e yo te mennen nou nan pòs polis ki toupre kay misyonè yo. Se pa ti soulaje nou te santi nou soulaje, lè ofisye ki te desèvis la te rekonèt nou e li te mande pou yo kite nou ale paske li konnen nou te deja anrejistre.

Nan epòk sa yo, militè yo te konn bloke wout yo, e byen souvan, nou te konn gen anpil strès, sitou lè te konn gen sòlda ki bwè anpil ki te kanpe nou. Sepandan, nan chak sitiyasyon sa yo, nou te konn priye e Jewova te fè nou santi nou anpè, e yo te konn kite nou pase san pwoblèm. Malerezman, an 1973, yo te bay tout misyonè etranje yo lòd pou yo kite Ouganda.

Stephen k ap sèvi ak yon machin pou fè kopi.

M ap enprime Ministè Wayòm nan nan filyal Kotdivwa, nan Abidjan.

Yon lòt fwa ankò, nou te oblije al sèvi nan yon lòt peyi. Fwa sa a, nou t al Kotdivwa, ann Afrik delwès. Se te yon lòt gwo chanjman sa te ye pou nou. Nou te aprann yon lòt kilti, nou te oblije pale fransè toutan ankò epi aprann viv ak lòt misyonè ki te soti nan lòt peyi. Men, yon lòt fwa ankò, nou te wè jan Jewova ap ede nou, lè moun yo nan tèritwa a ki te gen imilite e ki te sensè te byen reyaji lè yo te tande bon nouvèl la. Nou toule de te wè jan Jewova fè tout bagay mache byen nan lavi n lefètke nou te met konfyans nou nan li.

Epi bridsoukou, doktè te fè n konnen Barbara fè kansè. Malgre nou te fè plizyè vwayaj ann Ewòp pou Barbara te suiv tretman, an 1983, nou te vin rann nou kont, nou pa t ap ka kontinye nan sèvis nou ann Afrik ankò. Se te yon gwo kou pou nou toule de.

SITIYASYON M TE VIN CHANJE

Pandan nou te nan Betèl nan vil Lonn, Barbara te vin pi mal e finalman li te mouri. Fanmi Betèl la te ede m anpil. Gen yon mari ak madanm ki te sitou ede m pou m adapte m e pou m kontinye fè Jewova konfyans. Annapre, mwen te rankontre yon sè ki te konn sèvi kòm volontè nan Betèl la. Anvan sa, li te pyonye espesyal e m te ka wè jan li renmen Jewova anpil. Mwen te marye ak Ann an 1989, e depi lè sa a nou nan Betèl Lonn.

Stephen ak Ann Hardy.

Mwen menm ak Ann devan nouvo Betèl Grann Bretay la

Soti ane 1995 rive ane 2018, mwen te sèvi antanke reprezantan syèj mondyal la (yo te konn rele yo siveyan zòn). Mwen te vizite prèske 60 peyi. Nan chak vizit mwen te fè, mwen te kapab wè jan Jewova pran swen moun k ap sèvi l yo nan kèlkeswa sitiyasyon yo ye.

An 2017, nan youn nan vizit nou t ap fè yo, mwen te retounen ann Afrik. Se pa ti kontan mwen te kontan fè Ann vizite Bouwoundi, e nou te kontan anpil lè nou te wè jan gen anpil moun ki vin nan laverite. Nan menm ri mwen te konn preche kay an kay nan ane 1964 la, gen yon bèl Betèl kounye a k ap sèvi plis pase 15 500 pwoklamatè.

Se pa ti kontan m te kontan lè m te resevwa lis peyi mwen t ap gen pou m vizite pandan ane 2018 la. Youn nan peyi ki te nan lis la se te Kotdivwa. Lè m te rive Abidjan, nan kapital la, mwen te santi se kòmsi mwen vin lakay mwen. Pandan m t ap gade lis nimewo telefòn yo pou m te ka wè kiyès ki toupre m nan chanm vizitè mwen te ye nan Betèl la, mwen te wè non yon frè mwen te rekonèt ki te rele Sossou. Mwen sonje frè sa a te sèvi antanke siveyan vil lè m te Abidjan. Men, mwen te twonpe m. Se te yon lòt Sossou, se te pitit gason l.

Jewova te kenbe pwomès li. Pakèt difikilte mwen te jwenn yo te montre m jan Jewova fè tout bagay mache byen nan lavi nou toutbon lè n met konfyans nou nan li. Sa nou vle kounye a se kontinye suiv chemen k ap mennen nan monn nouvo a, yon chemen k ap vin pi klere chak jou. — Pwo. 4:18.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje