Revelasyon
4 Apre sa, mwen gade, mwen wè yon pòt ki ouvri nan syèl la, e mwen tande yon premye vwa ki tankou yon twonpèt. Li pale avè m, li di: “Monte vin la a, mwen pral montre w bagay ki gen pou rive yo.” 2 Apre sa, mwen vin anba pouvwa lespri sen an tousuit: epi gade! Mwen wè yon twòn nan syèl la, e gen yon moun ki chita sou twòn nan. 3 Moun ki chita a gen aparans yon pyè presye yo rele jasp ak yon pyè presye koulè wouj, e toutotou twòn nan gen yon lakansyèl ki sanble ak yon pyè presye yo rele emwòd.
4 Toutotou twòn nan, gen vennkat twòn, e mwen wè vennkat ansyen ki chita sou twòn sa yo. Yo abiye ak rad blan e yo gen kouwòn annò sou tèt yo. 5 Gen zèklè, gen vwa ak loray k ap soti nan twòn nan, e gen sèt gwo lanp devan twòn nan ki gen dife k ap boule ladan yo. Yo reprezante sèt espri Bondye yo. 6 Devan twòn nan gen yon bagay ki sanble ak yon lanmè ki klè tankou kristal.
E, ni nan mitan twòn nan ni toutotou twòn nan, gen kat cheriben* ki chaje ak je ni devan ni dèyè. 7 Premye cheriben an sanble ak yon lyon, dezyèm nan sanble ak yon jèn towo bèf, twazyèm nan gen yon figi ki tankou figi moun, e katriyèm nan sanble ak yon èg k ap vole. 8 Toule kat cheriben yo gen sis zèl, yo chaje ak je toupatou, ni sou zèl yo, ni anba zèl yo. San pran souf, lajounen kou lannuit, y ap di: “Jewova Dye, li menm ki Toupisan an, li menm ki te la, ki la e k ap vini an, li sen, li sen, li sen.”
9 Chak fwa cheriben yo bay Moun ki chita sou twòn nan, Moun k ap viv pou toutan gen tan an, glwa ak onè, e chak fwa yo di l mèsi, 10 vennkat ansyen yo met ajenou devan Moun ki chita sou twòn nan, yo adore Moun ki vivan pou toutan gen tan an e yo lage kouwòn yo devan twòn nan, yo di: 11 “Jewova, Bondye nou an, ou diy pou w resevwa glwa, onè ak pisans, paske ou kreye tout bagay, e se paske w te vle ki fè yo vin egziste, e ki fè w te kreye yo.”