BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Jodi a

Jedi 17 jiyè

Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè. — Pwo. 17:17.

Mari, manman Jezi, te bezwen fòs. Li t ap vin ansent, alòske li pa t marye. Aktout li pa t gen eksperyans nan leve timoun, li t ap gen pou l pran swen tigason ki t ap vin Mesi a. E kòm Mari pa t janm gen relasyon seksyèl, ki jan l t apral fè pou l esplike Jozèf, fiyanse l la, li ansent (Lik 1:​26-33)? Ki kote Mari te jwenn fòs? Li te chèche èd nan men lòt moun. Pa egzanp, li te mande zanj Gabriyèl pou l ba l plis enfòmasyon konsènan responsablite sa a (Lik 1:34). Yon ti tan annapre, li te fè yon vwayaj byen long nan “zòn ki gen mòn nan peyi” Jida pou l t al vizite Elizabèt, yon fanmi l. Elizabèt te felisite Mari e Jewova te fè Elizabèt anonse yon pwofesi ki te ankourajan konsènan pitit gason Mari t apral fè a (Lik 1:​39-45). Mari te di Jewova te “aji ak fòs ponyèt li”. (Lik 1:​46-51.) Jewova te itilize zanj Gabriyèl ak Elizabèt pou l te bay Mari fòs. w23.10 14-15 § 10-12.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Vandredi 18 jiyè

Li [...] fè nou vin wa e ki fè nou vin prèt pou Bondye ki se Bondye li e ki se Papa li. — Rev. 1:6.

Jewova chwazi yon ti kantite disip Kris pa mwayen lespri sen pou y al nan syèl, e yo gen yon relasyon espesyal avè l. Moun sa yo, anpalan de 144000 moun ki pral nan syèl la, gen pou yo sèvi antanke prèt nan syèl la ansanm ak Jezi (Rev. 14:1). Kote ki sen nan tabènak la se yon senbòl ki montre Bondye adopte yo kòm pitit li pa mwayen lespri sen pandan yo sou tè a (Wom. 8:​15-17). Kote ki pi sen nan tabènak la reprezante syèl la, kote Jewova abite a. “Rido” ki te separe Kote ki sen an ak Kote ki pi sen an reprezante kò lachè Jezi te genyen an ki te anpeche l antre nan syèl la antanke Gran Prèt nan tanp espirityèl la. Lè Jezi te bay lavi l kòm sakrifis pou lèzòm, li te ouvri wout pou tout kretyen Bondye chwazi pa mwayen lespri sen yo al viv nan syèl. Yo menm tou, yo dwe abandone kò lachè yo genyen an pou yo ka resevwa rekonpans yo nan syèl la. — Ebre 10:​19, 20, 1 Kor. 15:50. w23.10 28 § 13.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Samdi 19 jiyè

Mwen pa t ap gen tan si m ta vle pale konsènan Jedeyon. — Ebre 11:32.

Jedeyon te rete kalm lè moun Efrayim yo te kritike l (Jij 8:​1-3). Li pa t fache sou yo. Li te montre l respekte yo e li te ba yo valè lefètke l te koute sa yo t ap di, e kòm li te reponn yo avèk jantiyès, sa te kalme sitiyasyon an. Ansyen ki gen sajès yo suiv egzanp Jedeyon lè yo koute lòt moun avèk atansyon e lè yo rete kalm si yo kritike yo (Jak 3:13). Konsa, yo ede pou gen lapè nan kongregasyon an. Lè lòt moun t ap fè lwanj pou Jedeyon apre l te fin pot laviktwa sou moun Madyan yo, Jedeyon te atire atansyon sou Jewova (Jij 8:​22, 23). Ki jan frè ki nome yo ka suiv egzanp Jedeyon? Yo dwe bay Jewova louwanj pou sa yo rive fè (1 Kor. 4:​6, 7). Pa egzanp, si yo felisite yon ansyen poutèt li anseye byen, li kapab di se grasa Pawòl Bondye a nou konn tout sa n konnen yo oswa li kapab atire atansyon sou fòmasyon nou resevwa nan òganizasyon Jewova a. Pafwa, ansyen yo ka bezwen reflechi pou yo wè si yo pa atire twòp atansyon sou tèt yo. w23.06 4 § 7-8.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje