11 Lè sa a, Izrayèl, papa yo, di yo: “Si se konsa sa dwe fèt, men sa pou n fè: Pran sa ki pi bon nou gen nan peyi a met nan sak nou pou n pot fè mesye a kado+. Pote yon ti luil santi bon+, yon ti siwo myèl, gonm santi bon, grès bwa santi bon+, pistach ak zanmann.