BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Levitik 10:1, 2
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 10 Annapre, Nadab ak Abiyou+, pitit gason Arawon yo, pran veso pou boule lansan yo+. Yo chak pran veso pa yo, yo mete chabon dife ladan yo, yo mete lansan sou yo e yo kòmanse boule lansan pou Jewova san yo pa t gen dwa+, piske Bondye pa t ba yo lòd pou yo fè sa. 2 Lè sa a, Jewova voye yon dife sou yo ki boule yo+ e yo mouri devan Jewova+.

  • Nonb 3:2
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 2 Non pitit gason Arawon yo se te Nadab, premye pitit li, Abiyou+, Eleyaza+ ak Itama+.

  • Nonb 3:4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 4 Men, Nadab ak Abiyou te mouri devan Jewova lè yo te prezante yon dife yo pa t gen dwa prezante devan Jewova+ nan Dezè Sinayi a, e mesye sa yo pa t gen pitit. Eleyaza+ ak Itama+ yo menm te kontinye sèvi antanke prèt ansanm ak Arawon, papa yo.

  • 1 Kwonik 24:2
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 2 Men, Nadab ak Abiyou te mouri anvan papa yo+ e yo pa t gen pitit gason. Eleyaza+ ak Itama yo menm te kontinye sèvi antanke prèt.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje