-
Nonb 14:29, 30Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
29 N ap mouri nan dezè sa a+, wi nou tout, tout gason ki gen 20 an oswa plis, tout moun yo te anrejistre yo, nou tout k ap plenyen kont mwen yo+. 30 Pa gen youn nan nou k ap antre nan peyi m te fè sèman* m ap fè nou abite ladan l lan+, eksepte Kalèb, pitit gason Jefoune a, ak Jozye, pitit gason Noun nan+.
-
-
Jozye 14:14Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
14 Se sa k fè Ebwon vin eritaj pa Kalèb, pitit gason Jefoune a, desandan Kenaz, jis jodi a, paske Kalèb te obeyi Jewova, Bondye Izrayèl la, ak tout kè l+.
-
-
Jozye 19:49Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
49 Konsa, yo te fin separe peyi a ki te eritaj yo, yo te fè l fè plizyè pòsyon. Apre sa, Izrayelit yo te bay Jozye, pitit gason Noun nan, yon eritaj nan mitan yo.
-