-
Levitik 23:27-31Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
27 “Men, dizyèm jou nan setyèm mwa a se jou Pirifikasyon an+. Nou dwe reyini pou n adore Bondye, nou dwe montre nou* nan lapenn poutèt peche nou yo*+ e nou dwe ofri yon sakrifis pou yo boule nan dife pou Jewova. 28 Jou sa a, nou pa dwe fè okenn travay, paske se yon jou Pirifikasyon+, yon jou pou nou chèche jwenn padon pou peche nou devan Jewova, Bondye nou an. 29 Nenpòt moun* ki pa montre l nan lapenn* nan jou sa a, y ap retire* l nan mitan pèp la+. 30 E m ap touye kèlkeswa moun* nan pèp la ki fè nenpòt kalite travay nan jou sa a. 31 Nou pa dwe fè okenn travay nan jou sa a. Se yon kòmandman nou dwe obeyi pandan lontan, ni nou menm ni desandan nou yo kèlkeswa kote nou rete.
-