-
Levitik 22:22Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
22 Bèt l ap ofri a pa dwe avèg, li pa dwe gen zo kase, li pa dwe blese, li pa dwe gen ni boul sou kò l, ni maleng e l pa dwe gen maladi po. Nou pa dwe ofri Jewova yon bèt ki gen pwoblèm sa yo, ni nou pa dwe fè sakrifis ak bèt konsa sou lotèl la pou Jewova.
-
-
Detewonòm 15:21Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
21 Si yo gen yon domaj nan pye, yo avèg oswa yo gen lòt gwo domaj, nou pa dwe sakrifye yo pou Jewova, Bondye nou an+.
-
-
Detewonòm 17:1Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
17 “Nou pa dwe sakrifye yon towo bèf oswa yon mouton ki gen yon domaj oswa nenpòt pwoblèm nan pou Jewova, Bondye nou an, paske sa ap bay Jewova, Bondye nou an, degoutans+.
-