2 “Pale ak Izrayelit yo e men sa w ap di yo: ‘Fèt Jewova mande nou pou nou selebre yo+ se jou espesyal pou nou tout reyini+ pou nou adore l. Nou dwe anonse fèt sa yo. Men fèt mwen ban nou pou nou selebre yo:
16 “Pandan twa fwa nan ane a, tout gason ki nan pèp la dwe parèt devan Jewova, Bondye nou an, kote Li chwazi a: pandan fèt Pen san ledven+ an, pandan fèt Semèn+ yo e pandan fèt Tonèl*+ yo. Pèsonn pa dwe parèt devan Jewova de men vid.