-
Detewonòm 8:7-9Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
7 Jewova, Bondye nou an, ap mennen nou nan yon bon peyi+, yon peyi ki gen anpil rivyè, ki gen sous dlo ak lòt gwo dlo ki sot anba tè k ap koule nan vale yo ak nan zòn ki gen mòn yo, 8 yon peyi ki gen ble, lòj*, pye rezen, pye fig frans, grenad+, luil doliv ak siwo myèl+, 9 yon peyi ki pa manke manje, kote nou pap manke anyen, yon peyi kote wòch yo gen fè ladan yo, kote n ap jwenn kuiv nan mòn yo.
-