BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Nonb 27:1-7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 27 Annapre, pitit fi Selofeyad yo+ te pwoche bò tant reyinyon an. Selofeyad se te pitit gason Efè ki te pitit gason Galaad, ki li menm te pitit gason Maki ki te pitit gason Manase. Non pitit fi Selofeyad yo se te Mala, Nowa, Ogla, Milka ak Titsa. Yo sot nan tribi Manase, pitit gason Jozèf. 2 Yo te parèt devan Moyiz ak Eleyaza, prèt la, e devan chèf yo+ ak tout pèp la nan antre tant reyinyon an. Yo te di yo: 3 “Papa nou te mouri nan dezè a, men li pa t nan gwoup moun ki te rasanble kont Jewova yo, patizan Kore yo+. Li te mouri pou peche pa l e li pa t gen pitit gason. 4 Poukisa pou non papa nou ta disparèt nan fanmi an poutèt li pa t gen pitit gason? Ban nou yon pòsyon tè pami frè papa nou yo.” 5 Konsa, Moyiz prezante pwoblèm yo a devan Jewova+.

      6 Men sa Jewova te di Moyiz: 7 “Pitit fi Selofeyad yo gen rezon. Ou dwe fè yon jan pou w ba yo yon pòsyon tè kòm eritaj pami frè papa yo e ba yo eritaj papa yo a+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje