-
Egzòd 26:32Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
32 N ap mete l sou kat poto akasya ki kouvri ak lò. Kwochèt yo ap annò. Poto yo ap chita sou kat sipò ann ajan ki gen yon twou ladan yo.
-
-
Egzòd 26:37Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
37 N ap fè senk poto ak bwa akasya pou rido sa a, e n ap kouvri yo ak lò. N ap fè kwochèt annò sou poto yo e n ap fè senk sipò an kuiv pou poto yo.
-
-
Egzòd 36:37, 38Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
37 Apre sa, li fè yon lòt rido pou antre tant lan. Li te tise fil ble, lenn vyolèt, fil wouj vif ak bon fil len tòde pou l fè l+. 38 Epi li fè senk poto pou rido a ansanm ak kwochèt pou met sou poto yo. Li kouvri ni tèt poto yo ni pyès pou fè koneksyon yo ak lò, men li fè senk sipò pou poto yo an kuiv.
-