BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Nonb 4:15
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 15 “Arawon ak pitit gason l yo dwe fin kouvri tout bagay nan kote ki sakre a+ ak tout ekipman l yo nèt lè pèp la ap deplase. Apre sa, pitit gason Keyat yo ap antre vin pran yo pou yo pote yo+. Men, yo pa dwe touche kote ki sakre a pou yo pa mouri+. Se pitit gason Keyat yo ki responsab bagay sa yo ki nan tant reyinyon an.

  • Nonb 4:24-26
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 24 Men travay moun nan fanmi Gèchon yo gen pou yo fè ak bagay yo gen pou yo pote+: 25 Y ap pote twal tant tabènak la+, tant reyinyon an, sa ki kouvri l yo, po fòk ki sou tèt li yo+, rido ki nan antre tant reyinyon an+, 26 rido ki bare lakou a+, rido ki nan antre lakou+ ki toutotou tabènak la ak lotèl la, kòd tant lan genyen yo ak tout veso yo ak tout bagay yo konn itilize pou yo fè sèvis nan tant lan. Travay sa a se travay pa yo.

  • Nonb 4:31-33
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 31 Men sa yo responsab+ anrapò ak sèvis yo nan tant reyinyon an: ankadreman+ tabènak la genyen yo, travès li yo+, poto l yo+, sipò ki anba poto l yo+, 32 poto+ ki toutotou lakou a, sipò ki anba poto sa yo+, pikèt tant lan genyen yo+, kòd li yo ansanm ak tout ekipman l yo ak tout travay ki gen rapò ak bagay sa yo. W ap ba yo non ekipman yo responsab pou yo pote yo. 33 Se travay sa yo moun ki nan fanmi pitit gason Merari yo+ dwe fè nan tant reyinyon an, e se Itama, pitit gason Arawon, prèt la+, k ap dirije travay y ap fè yo.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje