-
Nonb 3:30, 31Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
30 Chèf moun ki sot nan fanmi Keyat yo, selon fanmi yo bò kot papa, se te Elizafan, pitit Ouzyèl+. 31 Yo te gen responsablite pou yo pran swen Lach la+, tab la+, pòtlanp lan+, lotèl yo+, bagay yo+ te konn itilize nan sèvis yo t ap fè nan kote ki sakre a, rido a+, e yo te gen pou yo fè tout travay ki gen rapò ak bagay sa yo+.
-
-
Nonb 4:15Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
15 “Arawon ak pitit gason l yo dwe fin kouvri tout bagay nan kote ki sakre a+ ak tout ekipman l yo nèt lè pèp la ap deplase. Apre sa, pitit gason Keyat yo ap antre vin pran yo pou yo pote yo+. Men, yo pa dwe touche kote ki sakre a pou yo pa mouri+. Se pitit gason Keyat yo ki responsab bagay sa yo ki nan tant reyinyon an.
-