BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Egzòd 18:25
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 25 Li chwazi yon seri gason ki kapab pami Izrayelit yo e li mete yo chèf sou pèp la. Genyen ki te chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo, genyen ki te chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo, genyen ki te chèf gwoup ki gen 50 moun ladan yo e genyen ki te chèf gwoup ki gen 10 moun ladan yo.

  • Nonb 1:16
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 16 Mesye sa yo se moun yo chwazi pami pèp la. Yo se chèf+ nan tribi papa yo e yo alatèt gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo ann Izrayèl+.”

  • Jozye 22:13, 14
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 13 Apre sa, Izrayelit yo voye Fineyas+, pitit gason Eleyaza, prèt la, kot desandan Ribenn yo ak desandan Gad yo ansanm ak mwatye nan tribi Manase a nan peyi Galaad. 14 Te gen dis chèf fanmi ansanm avè l, yon chèf fanmi pou chak tribi ann Izrayèl. Yo chak se te yon chèf fanmi pami plizyè milye* moun ki gen nan pèp Izrayèl la+.

  • Jozye 23:2
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 2 Jozye te fè rele tout pèp Izrayèl la+, ansyen yo, moun ki alatèt yo, jij yo ak moun ki gen otorite yo+, li di yo: “Mwen vin granmoun. Mwen gen anpil laj.

  • 1 Kwonik 27:1
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 27 Pami Izrayelit ki te nan lame wa a+, ki te konn antre e ki te konn soti chak mwa nan ane a, te gen chèf fanmi yo, chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo, chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo+ ansanm ak ofisye ki t ap pran swen gwoup sa yo pou wa a. Te gen 24 000 gason nan chak gwoup. Men gwoup yo:

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje