-
Nonb 4:15Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
15 “Arawon ak pitit gason l yo dwe fin kouvri tout bagay nan kote ki sakre a+ ak tout ekipman l yo nèt lè pèp la ap deplase. Apre sa, pitit gason Keyat yo ap antre vin pran yo pou yo pote yo+. Men, yo pa dwe touche kote ki sakre a pou yo pa mouri+. Se pitit gason Keyat yo ki responsab bagay sa yo ki nan tant reyinyon an.
-
-
Nonb 4:20Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
20 Yo pa dwe antre vin gade bagay ki sakre yo, menm pou yon ti moman. Si yo fè sa, y ap mouri+.”
-
-
Nonb 16:39, 40Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
39 Se konsa, Eleyaza, prèt la, te pran veso pou boule lansan ki fèt an kuiv moun ki te kankannen yo te prezante yo, li plati yo pou l kouvri lotèl la, 40 jan Jewova te di Moyiz pou l di l la. Se te yon siy pou fè Izrayelit yo sonje yon moun ki pa desandan Arawon* pa gen dwa vin boule lansan devan Jewova+, yon fason pou pèsonn pa vin tankou Kore ak patizan l yo+.
-