BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Egzòd 3:15
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 15 Apre sa, Bondye di Moyiz ankò:

      “Men sa w ap di Izrayelit yo: ‘Jewova, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram+, Bondye Izarak+ ak Bondye Jakòb+ la, voye m kote nou.’ Se non sa a m ap toujou genyen+, e jenerasyon apre jenerasyon se nan non sa a pou yo sonje m.

  • Egzòd 6:3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 3 Mwen te konn pale ak Abraram, ak Izarak ak Jakòb antanke Bondye Toupisan+. Men, mwen pa t fè yo+ konn non Jewova a+ nèt.

  • Egzòd 20:2
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 2 “Mwen se Jewova, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan esklavaj nan peyi Ejip+.

  • Sòm 83:18
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 18 Se pou moun konnen ou menm, ki rele Jewova+,

      Ou se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a+.

  • Sòm 113:3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  3 Depi kote solèy la leve a rive kote l kouche a,

      Se pou yo fè louwanj pou non Jewova+.

  • Ezayi 42:8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  8 Mwen se Jewova. Se non pa m.

      Mwen pa bay pèsonn glwa ki pou mwen an*,

      E mwen pa bay zidòl louwanj ki pou mwen an+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje