2Annapre, Jozye, pitit gason Noun nan, voye de mesye sot Sitim+ an kachèt kòm espyon. Li di yo: “Al gade ki jan peyi Kanaran ye, sitou vil Jeriko.” Se konsa, yo ale, yo rive lakay yon pwostitye ki rele Rahab+, epi yo rete la.
16Tèritwa ki te vin pou+ desandan Jozèf yo+ apre tiraj osò a te soti depi nan Rivyè Jouden an, toupre Jeriko, rive nan dlo ki nan lès Jeriko a, li pase nan dezè a anfas Jeriko pou l al nan zòn ki gen mòn ki toupre Betèl la+.