-
Jij 16:23Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
23 Annapre, tout chèf moun Filisti yo te rasanble ansanm pou yo fè yon gwo sakrifis pou Dagon+, dye yo t ap sèvi a, e pou yo fete, paske yo te di: “Dye nou an lage Samson, ènmi nou an, nan men nou.”
-
-
1 Samyèl 5:4Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
4 Nan demen, lè yo leve granmmaten, yo jwenn estati Dagon an tonbe fas atè ankò devan Lach Jewova a. Tèt Dagon ak de pat men l te kase e yo te atè nan papòt la. Se sèlman pati ki gen fòm pwason an* ki pa t gen anyen.
-