-
Jij 2:13Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
13 Yo te kite Jewova, yo t al sèvi Baal ak imaj Achtorèt yo+.
-
-
1 Samyèl 12:9, 10Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
9 Men, yo te bliye Jewova, Bondye yo a, e li te lage yo+ nan men Sisera+, chèf lame Azò a, nan men moun Filisti yo+ e nan men wa peyi Mowab la+. Epi, ènmi sa yo te fè lagè ak yo. 10 Yo te rele Jewova pou vin pote yo sekou+, yo te di: ‘Nou peche+ paske nou te kite Jewova pou n al sèvi Baal yo+ ak estati Achtorèt yo+. Kounye a, vin delivre nou anba men ènmi nou yo pou nou ka sèvi w.’
-