-
Nonb 21:23-25Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
23 Men, Siyon pa t kite pèp Izrayèl la pase nan tèritwa l la. Okontrè, Siyon te rasanble tout pèp li a e li te pati al dèyè pèp Izrayèl la nan dezè a. Lè l rive Jahaz, li kòmanse batay ak pèp Izrayèl la+. 24 Men, pèp Izrayèl la te pote laviktwa sou li ak epe+, epi yo pran peyi l la+, soti Vale Anon+ rive Vale Jabòk+ ki toupre desandan Amon yo. Li pa t rive pi lwen pase vil Jazè paske Jazè+ te gen menm fwontyè ak tèritwa desandan Amon yo+.
25 Se konsa, pèp Izrayèl la te pran tout vil sa yo e yo te kòmanse abite nan tout vil Amorit yo+, ki nan Esbon, ak tout vil ki ozalantou l yo e ki sou kont li.
-