-
Jozye 19:47, 48Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
47 Twouve, tèritwa moun ki nan tribi Dann yo te twò piti pou yo+. Se sa k fè yo te monte al batay ak moun Lechèm+ yo. Yo te pran vil la e yo te touye moun yo ak kout epe. Apre yo te fin pran vil la, yo te abite ladan l, yo pa t rele l Lechèm ankò, yo te vin rele l Dann, menm non ak zansèt yo a+. 48 Se sa ki te eritaj moun nan tribi Dann yo, selon fanmi kote yo soti. Se vil sa yo ki te pou yo ak ti vil ki sou kont vil sa yo.
-
-
Jij 1:34Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
34 Amorit yo te fòse moun tribi Dann yo rete nan zòn ki gen mòn nan. Yo pa t kite yo desann nan plèn nan+.
-