BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Jozye 19:47, 48
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 47 Twouve, tèritwa moun ki nan tribi Dann yo te twò piti pou yo+. Se sa k fè yo te monte al batay ak moun Lechèm+ yo. Yo te pran vil la e yo te touye moun yo ak kout epe. Apre yo te fin pran vil la, yo te abite ladan l, yo pa t rele l Lechèm ankò, yo te vin rele l Dann, menm non ak zansèt yo a+. 48 Se sa ki te eritaj moun nan tribi Dann yo, selon fanmi kote yo soti. Se vil sa yo ki te pou yo ak ti vil ki sou kont vil sa yo.

  • Jij 20:1
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 20 Konsa, tout Izrayelit yo, depi Dann+ rive Beyècheba pase Galaad+, te fè yon sèl*, yo rasanble ansanm devan Jewova nan Mispa+.

  • 1 Wa 4:25
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 25 Pandan tout tan Salomon te wa a, tout moun nan Jida ak tout moun ann Izrayèl, soti Dann rive Beyècheba, t ap viv an sekirite. Yo chak te chita anba pye rezen yo e anba pye fig frans yo.

  • 1 Wa 12:28, 29
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 28 Apre wa a fin pran konsèy nan men konseye l yo, li fè de ti bèf annò+ epi li di pèp la: “Se twòp kòve pou nou monte al Jerizalèm. Men Bondye nou an, o Izrayèl, ki te fè nou monte sot nan peyi Ejip la+.” 29 Apre sa, li mete youn nan Betèl+ e li mete lòt la nan tèritwa tribi Dann nan+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje