5 Lè moun Siri ki t ap viv Damas yo te vin ede Adadezè, wa Soba a, David te touye 22 000 ladan yo+. 6 Epi, David te mete plizyè gwoup sòlda nan Damas, nan peyi Siri. Moun Siri yo te vin sèvitè David e li te fè yo peye taks. Jewova te fè David pot laviktwa tout kote l t ale+.