-
1 Kwonik 19:1-5Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
19 Annapre, Nahach, wa desandan Amon yo, mouri e pitit gason l lan vin wa nan plas li+. 2 Lè David aprann sa, li di: “M ap demontre yon lanmou ki fidèl+ pou Anoun, pitit gason Nahach la, paske papa l te demontre yon lanmou ki fidèl pou mwen.” Se sa k fè David voye kèk moun al konsole Anoun ki te pèdi papa l. Men, lè sèvitè David yo rive nan peyi desandan Amon yo+ pou y al konsole Anoun, 3 prens nan peyi desandan Amon yo di Anoun: “Ou panse se onore David vle onore papa w ki fè l voye moun vin konsole w? Èske se pa pou egzamine peyi a, pou retire w sou pouvwa a e pou espyone peyi a ki fè sèvitè l yo vin kote w?” 4 Se sa k fè Anoun te pran sèvitè David yo, li koupe bab yo+, li koupe rad ki sou yo wotè dèyè yo epi li voye yo ale. 5 Lè yo vin di David sa yo fè mesye yo, menm kote a, li voye kèk moun al rankontre yo, paske yo te imilye mesye yo anpil. Epi, wa David voye di yo: “Rete Jeriko+ jiskaske bab nou pouse ankò, apre sa n a retounen.”
-