-
1 Kwonik 19:6, 7Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
6 Rive yon lè, desandan Amon yo vin rann yo kont David pa vle wè yo. Se sa k fè Anoun ansanm ak desandan Amon yo te voye 1 000 talan* ajan bay moun Mezopotami* yo, moun Aramaaka yo ak moun Soba yo+ pou yo voye charyo ak kavalye pou yo. 7 Se konsa yo te lwe 32 000 charyo e yo te peye wa Maaka a ansanm ak moun li t ap dirije yo pou yo ede yo. Apre sa, yo vini epi yo tabli kan yo devan Medeba+. Desandan Amon yo te rasanble ansanm e yo te soti nan tout vil yo te genyen yo pou y al nan gè a.
-