-
1 Kwonik 19:17-19Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
17 Lè yo vin bay David nouvèl la, menm kote a, li rasanble tout lame Izrayèl la, li travèse Rivyè Jouden an al jwenn yo e l al ranje yo nan pozisyon pou yo batay ak moun Siri yo. David te ranje sòlda l yo nan pozisyon pou l batay ak moun Siri yo, epi moun Siri yo fè lagè avè l+. 18 Men, moun Siri yo te kouri pou pèp Izrayèl la, e David te touye 7 000 sòlda ki t ap kondui charyo ak 40 000 sòlda Siri ki te apye e li te touye Chofak, chèf lame yo a. 19 Lè sèvitè Adadezè yo wè pèp Izrayèl la pot laviktwa sou yo+, yo kouri fè lapè ak David byen vit e yo vin anba kontwòl li+. Apre sa, moun Siri yo pa t vle ede desandan Amon yo ankò.
-