-
2 Samyèl 21:8-11Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
8 Se sa k fè wa a te pran Amoni ak Mefibochèt, de pitit gason Rispa+, pitit fi Ayiya te fè pou Sayil yo, ak senk pitit gason Mikal*+, pitit fi Sayil, te fè ak Adriyèl+, pitit gason Bazilayi, moun Abèlmewola. 9 Li te remèt moun Gabawon yo mesye yo, yo te touye yo e yo te pann kadav yo sou mòn nan devan Jewova+. Toule sèt te mouri ansanm. Yo te touye yo lè moman rekòt la te fèk kòmanse, lè yo te kòmanse rekòlte lòj*. 10 Apre sa, Rispa+, pitit fi Ayiya a, te pran yon twal sak, li ouvri sou wòch la depi lè rekòt la te kòmanse pou jis lè lapli te tonbe sou kadav yo. Li pa t kite zwazo vin poze sou yo lajounen, e lannuit li pa t kite bèt nan bwa vin bò kote yo.
11 Yo te rakonte David sa Rispa, pitit fi Ayiya a, yon madanm sou kote Sayil te genyen, te fè.
-