-
2 Samyèl 2:22, 23Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
22 Epi, Abnè di Asayèl ankò: “Sispann kouri dèyè m. Poukisa pou m oblije touye w? Ki jan m ap fè gade Jowab, frè w la, nan je?” 23 Men, li te refize kanpe. Se sa k fè Abnè te ba l yon kou nan vant ak dèyè lans ki te nan men l lan+, epi lans lan te soti nan do l. Menm kote a, Asayèl tonbe, li mouri frèt. Tout moun ki te rive kote Asayèl te tonbe epi l mouri a te ret kanpe la.
-