7 Lè wa a fin abite nan kay li a+ e Jewova te fè tout ènmi l yo anpè avè l, 2 wa a te di pwofèt Natan+: “Gade m ap viv nan yon kay ki fèt ak bwa sèd+ alòske Lach vrè Dye a ret anba tant+.” 3 Lè sa a, Natan di wa a: “Ale, ou mèt fè kèlkeswa sa w gen nan kè w la, paske Jewova avè w+.”