-
2 Kwonik 6:28-31Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
28 “Si vin gen grangou nan peyi a+, oswa epidemi+, si plant yo pa pwodui akoz maladi e akoz gwo van cho fin seche yo+, si krikèt fin anvayi peyi a e yo manje plant yo+ oubyen ènmi yo ansèkle youn nan vil ki nan peyi a+, oubyen lòt malè oswa lòt maladi tonbe sou yo+, 29 depi yon moun oubyen tout pèp Izrayèl la ta priye w+, oubyen yon moun ta mande w pou w fè l favè+ (paske se chak moun ki konnen pwoblèm pa l ak doulè pa l+) lè l ouvri men l nan direksyon kay sa a+, 30 se pou w koute l detan w nan syèl la, kote w rete a+, se pou w padone l+ e se pou w rekonpanse chak moun selon aksyon l, paske ou konnen sa ki nan kè l (paske se ou menm sèl ki konnen toutbonvre sa ki nan kè lòm+). 31 Konsa, y ap gen lakrentif pou ou e y ap mache nan chemen w yo pandan tout vi yo, nan peyi ou te bay zansèt nou yo.
-