BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Nonb 9:14
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 14 “‘Si gen yon etranje k ap viv bò kote nou, li menm tou, li dwe fè sakrifis pou Pak la pou Jewova+. Li dwe fè sa selon lwa ki gen rapò ak fèt Pak la e selon fason l dwe fèt la+. Dwe gen yon sèl lwa pou nou tout, ni pou etranje ki abite pami nou, ni pou pitit tè a+.’”

  • Rit 1:16
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 16 Men, Rit di l: “Pa fòse m kite w, pa anpeche m al avè w, paske kote w ale se la m prale, e kote w pase nuit ou se la m ap pase nuit mwen. Pèp ou a ap pèp mwen, e Bondye w la ap Bondye m+.

  • 2 Wa 5:15
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 15 Apre sa, Naaman tounen kot sèvitè vrè Dye a+ ansanm ak tout moun ki te avè l yo*, li kanpe devan l e li di l: “Kounye a, mwen konnen pa gen Bondye okenn lòt kote sou tè a sof ann Izrayèl+. Souple, aksepte pou sèvitè w la ba w yon kado*.”

  • 2 Kwonik 6:32, 33
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 32 “Menm jan an tou, si yon etranje ki pa fè pati pèp Izrayèl la soti nan yon peyi ki byen lwen akoz non w ki gran*+ e akoz fòs ponyèt ou, si li vini nan peyi a e li priye nan direksyon kay sa a+, 33 se pou w koute l detan w nan syèl la, kote w rete a, e se pou w fè tout sa l mande w. Konsa, tout moun sou tè a ap konnen non w+, y ap gen lakrentif pou ou menm jan pèp Izrayèl la gen lakrentif pou ou e y ap konnen kay sa a mwen bati pou ou a bay non w glwa.

  • Ezayi 56:6, 7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  6 Kanta pou etranje ki vin jwenn Jewova pou yo travay pou li,

      Pou yo renmen non Jewova+

      E pou yo vin sèvitè l,

      Tout moun ki obsève saba, ki gen respè pou saba

      E ki kenbe alyans mwen an byen fèm,

       7 M ap mennen yo nan mòn mwen an ki sakre+,

      E m ap fè kè yo kontan anndan kay mwen an, kote moun konn priye m nan.

      M ap aksepte sakrifis yo boule nèt yo ak tout kalite sakrifis yo fè sou lotèl mwen an.

      Paske, y ap rele kay mwen an yon kay pou tout pèp vin lapriyè+.”

  • Travay 8:27
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 27 Lè sa a, li leve l ale. Epi, li rankontre ak yon Etyopyen, yon mesye ki te gen pouvwa e ki te gen gwo pozisyon sou Kandas*, rèn peyi Etyopi. Se li ki te responsab tout trezò rèn nan. Li t al Jerizalèm pou l adore Bondye+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje