-
2 Kwonik 14:11Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
11 Lè sa a, Aza rele Jewova, Bondye l la+, e li di l: “O Jewova, kit moun w ap ede yo anpil, kit yo pa gen fòs, pou ou, se menm bagay+. O Jewova, Bondye nou an, ede nou tanpri, paske se sou ou nou konte*+ e se nan non w nou vin goumen ak foul moun sa a+. O Jewova, ou se Bondye nou, pa kite lòm ki fèt ak pousyè tè kenbe tèt ak ou+.”
-
-
2 Kwonik 20:5, 6Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
5 Lè sa a, Jozafa kanpe devan moun tribi Jida yo ak moun Jerizalèm yo nan nouvo lakou kay Jewova a, 6 epi li di:
“O Jewova, Bondye zansèt nou yo, èske se pa ou ki Bondye nan syèl la+? Èske w pa gen otorite sou tout wayòm ki gen nan nasyon yo+? Ou gen pouvwa ak pisans nan men w, e pa gen pèsonn ki ka kenbe tèt avè w+.
-