-
Jozye 21:34-40Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
34 Nan tèritwa tribi Zabilon an+, fanmi ki desandan Merari yo+, rès Levit yo, te resevwa Jokneyam+ ak tout patiraj li, Kata ak tout patiraj li, 35 Dimna ak tout patiraj li ansanm ak Naalal+ ak tout patiraj li. Sa te fè kat vil.
36 Nan tèritwa tribi Ribenn nan, yo te pran Bezè+ ak tout patiraj li, Jahaz ak tout patiraj li+, 37 Kedemòt ak tout patiraj li ansanm ak Mefaat ak tout patiraj li. Sa te fè kat vil.
38 Nan tèritwa tribi Gad la+, yo te pran vil kote pou moun ki touye yon moun al pran refij la, sètadi Ramòt, nan Galaad+, ak tout patiraj li, Maanayim+ ak tout patiraj li, 39 Esbon+ ak tout patiraj li ansanm ak Jazè+ ak tout patiraj li. Sa te fè kat vil antou.
40 Nan tiraj osò ki te fèt la, yo te bay desandan Merari yo, selon fanmi kote yo soti, sètadi rès moun nan fanmi Levit yo, 12 vil antou.
-