BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Jozye 21:20-26
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 20 Nan tiraj osò ki te fèt la, yo te bay rès fanmi ki desandan Keyat pami Levit yo plizyè vil nan tèritwa tribi Efrayim nan. 21 Yo te ba yo vil pou moun ki touye yon moun al pran refij+, anpalan de Sichèm+ ak tout patiraj li, nan zòn ki gen mòn nan Efrayim nan, Gezè+ ak tout patiraj li, 22 Kibsayim ak tout patiraj li ansanm ak Bètowon+ ak tout patiraj li. Sa te fè kat vil.

      23 Nan tèritwa tribi Dann nan, yo te pran Èlteke ak tout patiraj li, Gibeton ak tout patiraj li, 24 Ayalon+ ak tout patiraj li ansanm ak Gatrimon ak tout patiraj li. Sa te fè kat vil.

      25 Nan tèritwa ki te pou mwatye nan tribi Manase a, yo te pran Tanak+ ak tout patiraj li ansanm ak Gatrimon ak tout patiraj li. Sa te fè de vil.

      26 Antou, yo te bay lòt fanmi ki te rete pami desandan Keyat yo dis vil ak tout patiraj yo.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje