-
Jozye 20:9Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
9 Se vil sa yo yo te bay pou tout Izrayelit yo ak tout moun ki te abite kòm etranje pami Izrayelit yo al pran refij, yon fason pou nenpòt moun ki ta touye yon moun* san l pa gen entansyon fè sa ka kouri al ladan yo+ pou moun k ap tire revanj pou san moun yo touye a pa touye moun ki touye moun nan san yo pa jije l devan pèp la+.
-
-
Jozye 21:32, 33Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
32 Nan tèritwa tribi Neftali a, yo te pran vil kote pou moun ki touye yon moun al pran refij la+, sètadi Kedès+, nan Galile, ak tout patiraj li, Amotdò ak tout patiraj li ansanm ak Katan ak tout patiraj li. Sa te fè twa vil.
33 Antou, yo te bay desandan Gèchon yo, selon fanmi kote yo soti, 13 vil ak tout patiraj yo.
-