-
Egzòd 23:32Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
32 Nou pa dwe fè alyans ansanm avèk yo ni avèk dye y ap sèvi yo+.
-
-
Egzòd 34:15, 16Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
15 Veye pou nou pa fè alyans avèk moun ki abite nan peyi a, paske lè y ap aji tankou pwostitye ak dye y ap sèvi yo e y ap fè sakrifis pou yo+, y ap envite nou e n ap manje nan sakrifis y ap ofri yo+. 16 Si nou fè alyans avèk yo, se sèten n ap pran kèk nan pitit fi yo pou pitit gason nou yo+. Lè pitit fi yo ap aji tankou pwostitye ak dye y ap sèvi yo, sa ap lakòz pitit gason nou yo aji tankou pwostitye ak dye sa yo+.
-
-
Detewonòm 7:3, 4Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
3 Nou pa dwe marye avèk yo. Pinga nou bay pitit fi nou yo pou yo marye ak pitit gason yo, ni pinga nou pran pitit fi yo pou nou marye yo ak pitit gason nou+. 4 Paske, y ap detounen pitit nou yo, y ap fè yo sispann suiv mwen pou y al sèvi lòt dye+. Lè sa a, Jewova ap an kòlè anpil kont nou e l ap detwi nou san pèdi tan+.
-
-
Jozye 23:12, 13Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
12 “Men, si nou vire do bay Bondye pou n al nan tèt ansanm ak rès moun nan nasyon sa yo ki abite bò kote nou yo+, e nou marye avèk yo*+, epi nou nan zanmitay ak yo, 13 nou mèt sèten, Jewova, Bondye nou an, pap kontinye mete nasyon sa yo deyò* pou nou+. Y ap vin tounen yon pèlen ak yon pyèj pou nou, e y ap vin tounen yon fwèt nan kò nou+ ak yon pikan nan je nou, jiskaske nou fin peri nan bon peyi sa a Jewova, Bondye nou an, ban nou an.
-