-
Esdras 9:5, 6Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
5 Nan moman yo t ap fè ofrann manje angren nan aswè a+, mwen te leve kote m te chita tou wont lan, ak rad mwen tou chire, epi mwen met ajenou, mwen ouvri men m devan Jewova, Bondye m nan. 6 Epi mwen di: “O Bondye m nan, mwen santi m wont e m santi m jennen pou m leve tèt mwen devan w, o Bondye m nan, paske peche nou yo rive pi wo pase tèt nou e bagay mal nou fè yo rive jis nan syèl la+.
-