-
Estè 9:24, 25Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
24 paske Aman+, pitit gason Amedata, desandan Agag la+, ènmi Juif yo, te fè konplo kont Juif yo pou l detwi yo+, li te fè tiraj osò+ pou l lage yo nan latwoublay e pou l touye yo. 25 Men, lè Estè antre kot wa a, wa a te fè ekri yon lòd+, li te di: “Se pou konplo sa a li te fè kont Juif yo+ retounen kont li.” Konsa, yo te pann Aman ak pitit gason l yo sou poto+.
-