-
Estè 9:1, 2Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
9 Nan 13yèm jou nan 12yèm mwa a, sa vle di nan mwa Ada*+, lè yo te dwe obeyi lòd wa a ak lwa li te bay la+, nan jou ènmi Juif yo te panse yo t apral kraze Juif yo, ebyen, se Juif yo ki te pot laviktwa sou tout moun ki te rayi yo+. 2 Juif yo te rasanble nan vil kote yo te abite yo, nan tout tèritwa wa Asyeris+ t ap dirije yo pou yo te ka met men sou moun ki t ap chèche fè yo mal yo, e pa gen yon moun ki te ka kanpe devan yo, paske tout moun te vin pè Juif yo+.
-