-
Estè 4:1-3Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
4 Lè Madoche+ aprann tout sa yo te fè+, li chire rad sou li, li met rad ki fèt ak twal sak sou li e li plen kò l ak sann. Apre sa, l al nan mitan vil la, li t ap kriye byen fò, ak tout fòs li. 2 Li pa t al pi lwen pase devan pòtay kay wa a, paske pèsonn pa t gen dwa antre nan pòtay kay wa a ak twal sak sou li. 3 Epi, nan chak zòn+ kote yo te fè konnen pawòl wa a te voye di yo ak dekrè l te bay la, Juif yo te nan gwo lapenn, yo pa t manje+, yo t ap kriye e yo t ap rele. Anpil ladan yo te kouche sou twal sak ak nan sann+.
-